Apré Lanmò,
Ki Sa?

[102.jpg]

   Li sou sa e konnin siman.

                           
  Kombyen foua ou tè gadé figu moun mouri 
yo, ki kouché nan sèkèy yo, ou kon-n toujou tandé 
de klaratyon sa yo? "Li té soufri anpil, li pi byen 
kounié-a." "Li an pè, li pap jan'm soufri ankò." 

  Nou min-m kap li trété sa-a deklaratyon sa yo
korèk, si moun mouri yo té aksepté Kris kòm Sèyè
é Sovè yo é si yo tè fet you désiem foua. Pòl di sa
konsé nou Kretyen yo nan Korint 5:6-8 "Sé pou
sa, nou toujou gin gro kouraj. Nou konnin toutan
nou nan kò sa-a nou louin Sèyè-a toujou. Si nap
maché, sé paské nou ouè tout bagay klé, min sé
paské nou gin konfians nan Kris la. Nou gin gro
kouraj épi nou ta pito kité kòsa-a pou'n al rété
toupré Sèyè-a." Si moun yo ki mouri nan you
kondisyon spirituel ki pat konvenab, traka yo fék
kòmansé. Déziem man you nan-m ki kité gnou kò
you moun ki pat konèti, al tou dwat nan lanfe lap
boulé pou toutan. Mak 9:44, "Nan lanfè, difé sa-a
omsanm ak vè kap manjé kadav yo pa jan-m
mouri. Sòm 9:18, "Tout méchan yo gin pou mouri.
Tout moun ki bliyé gin Bondyé gin pou mouri."
Kouté vwa nonm rich la kap krié nan lanfé. Lik
16:22-24, "Pov la vi-n mouri, zanj Bondyé yo
poté-l mété bò kot Abraram nan sièl la. Nonm rich
la mouri tou, yo antéré li. Pandan-l té koté tout mò
yo yé-a nan mitan soufrans, li voyé jé-l byin louin
li ouè Abraram ak Laza ansanm avèk li. Nonm
rich la rélé: Abraram papa, gin pitié pou mouin

non! Voyé Laza tranpé ti bout douèt li nan you ti
tak dlo pou-l mété you fréchè sou lang mouin,
paské sé pa ti soufri map soufri nan flanm sa-a'

  Pétèt té gin moun ki té ouè figu non-m rich la,
lè li té prét pou antèré li, kombyen li té anpè, li
pap jan-m soufri ankò. Gadé ki jan deklaratyon
moun sa-a tè fo. Lè yo tap di bèlpawol sou kò li,
nan-m li tap rélé nan mitan gro difé lanfé-a.
Soufrans pa kaba pou you moun ki mouri sans
Kris. Dis milyon ané nan éténité yap toujou ap
boulé. Si ou pèdi spiritwelman é mouri nan
kondityon sa-a. Ou-min tou toutan se pou ou boulé
nan lanfè.

  Ou kapab mandé, ki sa mwen dwé fè pou'm
kapab chapé touman lanfè-á? Repons la sé min-m
bagay Jezi te bay Nikodem. John 3:3, "Jézi réponn
li: Sa map di ou la-a sé vré wi: pèsonn pa kapab
ouè péyi koté Bondyé Roua-a si li pa fèt you
deziem fwa." Kòm ou te fèt fizikman ou dwé fèt
ankò pou ou kapab rivé nan pòtay siel la. Jan 14:6,
"Jézi reponn li, Sé mwen-minm ki chémin an
pesonn pa ka al jwen-n Papa-a si li pa pasé nan
mwen."

  Ou pa ki okinn promès de you lot jou sou tè
sa-a. Demen va tro ta pètèt. Kouniè-a se moman
pou ou fè gnou bagay konsènan jan ou pèdi-a. 2
Korint 6:2, "Paské, nan Liv la Bondyé té di: Mwen
té kouté ou, lè lè-a té rivé pou-m té fè ou gras la.
Mwen té poté ou sékou, lè jou-a té rivé pou-m té

délivré ou la. Inbin, koulyé-a, min lè-a rivé pou-n
résevwa favè Bondyé-a; sé jòdi-a minm nou ka
jwen délivrans."

  Toutotan gin la vi nan kò ou, eské-l pa ta bon
pou ou repanti kouniè-a pou péché ou yo é rélé
Jézi vini nan kè ou é sové nanm ou? Jan 1:12
"Min, sa ki té résévwa-l yo, sa ki té kwè nan li yo,
li ba yo pouvwa tounin pitit Bondyé."

  Desizion an sé pa ou. Koté nan-m ou va yé
pandan yap chanté antèman ou?

  La vi ou fini avan you lot è de tan, é nan-m ou
va kélké pa nan éténité. Eské ou résévwa Jézi kom
Séyé et Sové e gin konfians nan la vi éténel li-a
nan siel-la, si ou aksepte Jézi kon sové et Seyé,
siyin kom you tèmwagnaj désizion ou.

Non-ou __________________________________________
Adres-ou _________________________________________
Vil-ou ____________________________________________
Péyi-ou ___________________________________________

FELLOWSHIP TRACT LEAGUE
P.O. BOX 164 · Lebanon, OH 45036 U.S.A
All tracts provided free as the Lord provides.
Tract No. 670 [564] (Creole)

[ Christian Helps Ministry (USA) ] [ Christian Home Bible Course ]